top of page
Rechercher

Kreyòl 101 - Atik nimewo 3

Dernière mise à jour : 16 févr. 2019



Plas detèminan an kreyòl ayisyen


Menm si majorite mo ( leksik) nou itilize lè n ap pale kreyòl soti nan lang franse, men sou plan sentaks- fason mo yo òganize anndan yon fraz- se pa menm bagay ditou. Nan atik yo jodi a, nou pral wè pozisyon oubyen plas detèminan yo an kreyòl.


N ap fè nou remake, an kreyòl detèminan (atik definini, adjektif posesif, adjektif demonstratif,…) mache apre yon non. An fransè se lekontrè.


Ann kòmanse avèk a. An kreyòl, lè yon non fini ak yon vwayèl oral( bouch) tankou: a, e, è i, ,o, ò, ou, detèminan ki mache dèyè l se a. Men kèk egzanp:


Mayi a sikre, ble a gou, bè a rans, pwa a byen kwit, po a kase, aransò a byen desale.


Lè yon mo fini ak yon vwayèl nazal( nen) tankou : an, en, on, detèminan ki mache dèyè l se an. Egzanp : ban an pwòp, pen an fre, gidon an kwochi,…


Kèk esepsyon. Lè nou gen yon mo ki fini ak yon vwayèl epi vwayèl sa a gen yon konsòn nazal tankou m ak n devan l, detèminan an se an.


Egzanp : mi an panche, pitimi an gen wòch, zanmi an,…


Lè yon mo fini ak yon konsòn oral (bouch), detèminan an ki vin apre l se la. Ann gade kèk egzanp:


Tab la solid, bouch la bon,pentad la gou, bèf la mechan, bag la briye, jij la sevè, kòk la chante, sal la gran,jip la sèch,sòs la twò pike, patat la dous,kasav la di,batay la pou Bondye, gaz la chè.


Lè yon mo fini ak yon konsòn nazal, detèminan ki vin dèyè l se nan. Men kèk egzanp :


Berejèn nan gen grenn, mango kòn nan dous, bannann nan byen mi, fanm nan djanm…

Nan kèk lòt sikonstans, nou jwenn lan kòm detèminan nan mo tankou : delivrans lan, farin frans lan, Prens lan ,…


Fè yon ti pratik. Mete youn nan detèminan sa yo dèyè non yo : a, an, la, lan, nan

Krab………, bòs pent……, karavàn,……… fanmi….., fritay …….vèvenn….., vitrin………,

Tanbou….., malad……., Jakmelyèn………., kosòl…….., mekanisyen……


Carl-Henry Désir


 
 
 

Comentarios


bottom of page